Apre sa, Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l konsa:
— Men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka fè yon fèt pou mwen nan dezè a.
Farawon an reponn:
— Kilès ki Senyè a menm jouktan pou mwen ta swiv lòd li kite pèp la ale a? Mwen pa konnen Senyè sa a. Kidonk mwen p'ap kite yo fè yon pa.
Moyiz ak Arawon di l:
— Bondye ebre yo te parèt devan nou. Tanpri, kite n'al fè yon ti vwayaj nan dezè a. Lè n'a fin mache pandan twa jou, n'a rete pou n touye bèt n'ap ofri bay Senyè a, Bondye nou an. Si nou pa fè sa, l'a voye move maladi sou nou, osinon l'a fè nou mouri nan lagè.
Wa Lejip la di Moyiz ak Arawon:
— Poukisa nou vle fè pèp la kite travay li? Tounen nan travay nou!
Farawon an di ankò:
— Gade. Nou wè jan pèp sa a vin pi plis pase moun peyi a. Kounyeya atò, nou ta vle pou yo kite travay yo?
Menm jou sa a, farawon an rele moun peyi Lejip ki te chèf kòve yo ansanm ak moun pèp Izrayel ki te fòmann yo, li ba yo lòd sa a:
— Pa janm bay moun sa yo pay ankò pou yo fè brik, jan nou te konn fè l la. Se yo menm ki pou al ranmase pay yo bezwen. Men, se pou yo founi menm valè brik yo te konn bay anvan an, san manke yonn. Se yon bann parese yo ye. Se poutèt sa y'ap kriye, y'ap di: O wi, ann al ofri bèt pou nou touye bay Bondye nou an. Fè yo travay pi rèd. Pa kite yo poze menm. Konsa yo p'ap gentan pou yo koute tout radòt moun ap vin di yo.
Chèf kòve yo ak fòmann yo vin di pèp la:
— Men sa farawon an voye di nou: Li p'ap ban nou pay ankò. Se nou menm ki pou al ranmase pay kote nou ka jwenn. Men, se toujou menm valè brik la pou nou bay.
Se konsa, pèp la gaye toupatou nan peyi Lejip ap chache zèb pou fè pay. Chèf kòve yo te dèyè yo tout tan, yo t'ap di yo:
— Se pou nou fè menm valè brik chak jou menm jan ak lè yo te konn ban nou pay la.
Chèf kòve farawon yo te mete kèk moun pèp Izrayèl pou sèvi fòmann. Ata fòmann sa yo te anba makak tou. Chèf kòve yo t'ap mande yo:
— Poukisa ni ayè ni jòdi a, nou pat bay menm valè brik nou te konn fè anvan an?
Lè sa a, fòmann yo ki te menm ras ak moun pèp Izrayèl yo te al plenyen bay farawon an. Yo di l:
— Monwa, poukisa ou fè moun k'ap sèvi ou yo sa? Yo pa ban nou pay ankò. Atousa, se tout tan y'ap mande nou pou nou fè brik. Lèfini, yo mete nou anba makak. Men, se moun pa ou yo ki antò wi, monwa.
Farawon an reponn yo:
— Se yon bann parese nou ye. Se poutèt sa n'ap di: O wi, kite n'al ofri bèt pou nou touye bay Senyè a. Al nan pye travay nou, tande! Yo p'ap ban nou pay ankò. Degaje nou bay menm kantite brik la.
Fòmann yo ki te menm ras ak moun pèp Izrayèl yo vin wè yo te nan yon move sitirasyon lè yo mande yo pou yo fè menm valè brik yo te konn fè a chak jou, san manke yonn. Antan y'ap sòti kay farawon an, yo kontre Moyiz ak Arawon ki t'ap tann yo. Yo di yo:
— Se pou Senyè a wè sa nou fè la a. Se pou l pini nou. Paske se nou menm ki lakòz ni farawon an ni moun k'ap sèvi l yo pa vle wè pèp Izrayèl la. Nou mete yon nepe nan men yo pou yo fini ak pèp la.