Egzòd 40:17-38

Egzòd 40:17-38 HAT98

Sou premye jou premye mwa nan dezyèm lanne a, yo kanpe tant lan. Moyiz fè kanpe tant lan. Li mete sipò yo nan pozisyon yo, li poze ankadreman yo, li moute treng yo nan plas yo, li drese poto yo. Li louvri twal tant lan sou kay la, epi li mete twati tant lan anwo l, jan Senyè a te ba li lòd fè a. Li pran wòch kontra yo, li mete yo nan bwat la. Li pase manch yo nan bag yo, epi li mete kouvèti a anwo bwat la. Apre sa, li pote Bwat Kontra a andedan kay la, epi li moute rido yo. Se konsa, li kache Bwat Kontra a, jan Senyè a te ba li lòd la. Li mete tab la nan plas li nan Tant Randevou a, sou bò nò tant lan, pa deyò rido a. Li ranje pen yo byen ranje sou tab la devan Senyè a, jan Senyè a te bay Moyiz lòd fè l la. Apre sa, Moyiz mete lanp sèt branch lan nan Tant Randevou a, sou bò sid tant lan anfas tab la. Li ranje ti lanp yo devan Senyè a, dapre lòd Senyè a te bay Moyiz. Li mete lotèl an lò a nan Tant Randevou a, devan rido a. Li fè boule lansan santi bon sou li, jan Senyè a te bay Moyiz lòd fè a. Li moute rido yo kote pou yo pase antre nan tant lan. Li mete lotèl pou boule bèt yo ofri yo devan kote pou yo antre nan Tant Randevou a. Apre sa, li pran bèt yo ofri yo, li touye yo, li boule yo sou lotèl la ansanm ak lòt ofrann yo, jan Senyè a te ba li lòd fè a. Li mete basin lan nan espas ki nan mitan Tant Randevou a ak lotèl la, epi li mete dlo ladan l. Moyiz, Arawon ansanm ak pitit Arawon yo lave men yo ak pye yo nan basin lan. Depi y'ap antre nan Tant Randevou a, depi y'ap pwoche bò lotèl la, yo te lave men yo ak pye yo, jan Senyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a. Apre sa, li moute galeri a fè wonn tant lan ak lotèl la, li mete rido kote pou yo pase antre nan tant lan. Se konsa Moyiz te fin fè travay la. Nyaj la kouvri Tant Randevou a, epi limyè prezans Senyè a plen tant lan. Moyiz pat kapab antre nan Tant Randevou a, paske nyaj la te rete anplas anwo tant lan, epi limyè prezans Senyè a te plen tant lan. Pandan tout tan moun pèp Izrayèl yo t'ap vwayaje a, se sèlman lè nyaj la te leve sòti anwo tant lan yo te ka derape. Men, si nyaj la pat leve anwo tant lan, yo pat pati. Yo te tann jouk nyaj la te leve. Lajounen, nyaj Senyè a te rete anwo tant lan, men lannwit, se te yon dife tout pèp Izrayèl la te wè klere nan nyaj la. Se konsa sa te fèt pandan tout vwayaj la.