Egzòd 4:18-31

Egzòd 4:18-31 HAT98

Moyiz kite kote l te ye a, li tounen lakay Jetwo, bòpè li. Li di li: — Tanpri, kite m ale. Mwen pral jwenn frè mwen yo nan pèyi Lejip. Mwen pral wè si yo la toujou. Jetwo di Moyiz: — Ale ak kè poze. Antan Moyiz nan peyi Madyan, Senyè a di l: — Kounyeya, tounen nan peyi Lejip, paske tout moun ki t'ap chache touye ou yo fin mouri. Moyiz pran madanm li ak pitit gason l yo, li mete yo sou bourik, epi li tounen nan peyi Lejip. Moyiz te gen baton Bondye a nan men l. Senyè a di Moyiz konsa: — Kounyeya, ou wè w'ap tounen nan peyi Lejip. Gade byen. Se pou ou fè devan farawon an tout mirak mwen ba ou pouvwa fè yo. Mwen menm, m'ap fè l kenbe tèt avèk ou, li p'ap vle kite pèp la ale. W'a di farawon an: Men sa Senyè a di: Izrayèl se pitit mwen, se premye pitit mwen. Mwen di ou kite pitit mwen an ale fè wout li pou l ka fè yon sèvis pou mwen. Si ou refize kite l ale, mwen menm m'ap touye premye pitit gason ou lan. Pandan vwayaj la, Moyiz rete pase nwit yon kote. Senyè a vin atake Moyiz. Li t'ap chache touye l. Sefora pran yon moso wòch byen file, li koupe pwent po ti kòk pitit gason l lan, li voye l jete nan pye Moyiz. Epi li di: — Se yon mari san ou ye pou mwen. Apre sa, Senyè a kite Moyiz. Lè sa a, se poutèt sikonsizyon an Sefora te di ou se yon mari san pou mwen. Senyè a di Arawon: — Ale kontre Moyiz nan dezè a. Arawon pati, li kontre Moyiz sou mòn Bondye a. Li pase bra l nan kou l. Moyiz di Arawon tou sa Senyè a te di l anvan li te voye l la. Li fè l konnen tout mirak Senyè a te ba li lòd fè. Moyiz ak Arawon pati ansanm, yo sanble tout chèf fanmi pèp Izrayèl la. Arawon di yo tou sa Senyè a te di Moyiz. Moyiz menm fè tout mirak yo devan tout pèp la. Pèp la vin kwè yo. Lè yo tande Senyè a te vin vizite yo, li te wè mizè y'ap pase a, yo tonbe ajenou, yo bese tèt yo jouk atè pou adore Bondye.