Moyiz di Senyè a:
— Eskize m wi, Senyè. Men, mwen pa ka pale fasil. Se pa bagay jòdi a non. Menm kounyeya, depi w'ap pale ak sèvitè ou la, anyen pa chanje. Bouch mwen lou, lang mwen mare.
Senyè a di l:
— Kilès ki bay moun bouch pou yo pale? Kilès ki fè moun sa a bèbè, moun sa a soudè? Kilès ki fè moun sa a wè, moun sa a avèg? Eske se pa mwen menm, Senyè a? Bon, ou mèt ale. M'a ede ou lè ou gen pou ou pale, m'a moutre ou sa ou gen pou di.
Moyiz di:
— Eskize m wi, Senyè! Men, poukisa ou pa voye yon lòt moun pito?
Lè sa a, Senyè a move sou Moyiz, li di l konsa:
— Gen Arawon, frè ou la, ki sòti nan branch fanmi Levi a. Mwen konnen lang mesye pa mare nan bouch li. Men kounyeya, li gentan nan wout ap vin jwenn ou. L'a kontan anpil lè l'a wè ou. W'a pale avè l, w'a di l sa pou l di. M'a ede nou tou de lè n'a gen pou nou pale. M'a di nou sa pou nou fè. L'a pale ak pèp la pou ou. Se tankou si se te ou menm ki t'ap pale. Ou menm, w'a tankou Bondye k'ap di li sa pou li di. Kanta baton sa a, toujou kenbe l nan men ou. Se avèk li w'a fè tout mirak ou gen pou fè yo.
Moyiz kite kote l te ye a, li tounen lakay Jetwo, bòpè li. Li di li:
— Tanpri, kite m ale. Mwen pral jwenn frè mwen yo nan pèyi Lejip. Mwen pral wè si yo la toujou.
Jetwo di Moyiz:
— Ale ak kè poze.
Antan Moyiz nan peyi Madyan, Senyè a di l:
— Kounyeya, tounen nan peyi Lejip, paske tout moun ki t'ap chache touye ou yo fin mouri.
Moyiz pran madanm li ak pitit gason l yo, li mete yo sou bourik, epi li tounen nan peyi Lejip. Moyiz te gen baton Bondye a nan men l. Senyè a di Moyiz konsa:
— Kounyeya, ou wè w'ap tounen nan peyi Lejip. Gade byen. Se pou ou fè devan farawon an tout mirak mwen ba ou pouvwa fè yo. Mwen menm, m'ap fè l kenbe tèt avèk ou, li p'ap vle kite pèp la ale. W'a di farawon an: Men sa Senyè a di: Izrayèl se pitit mwen, se premye pitit mwen. Mwen di ou kite pitit mwen an ale fè wout li pou l ka fè yon sèvis pou mwen. Si ou refize kite l ale, mwen menm m'ap touye premye pitit gason ou lan.