Moyiz reponn li:
— Men, moun yo ka refize kwè m, yo ka pa koute sa m gen pou m di yo a. Yo ka di m se pa vre, Senyè a pat kras parèt devan mwen.
Senyè a mande l:
— Kisa ou gen nan men ou la a?
Moyiz reponn li:
— Yon baton.
Senyè a di l:
— Jete l atè.
Moyiz jete baton an atè. Baton an tounen yon koulèv. Lè Moyiz wè sa, li pran kouri. Senyè a di Moyiz:
— Lonje men ou, bese pran koulèv la nan ke.
Moyiz lonje men l, li pran koulèv la nan ke. Lamenm, koulèv la tounen baton ankò nan men Moyiz. Senyè a di:
— Men sa w'a fè pou yo ka kwè Senyè a, Bondye zansèt yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan ou.
Senyè a di l ankò:
— Foure men ou anndan chemiz ou, sou lestonmak ou.
Moyiz foure men l anndan chemiz li, sou lestonmak li. Lè li wete men l, men l te vin tou blan ak bouton. Li te kouvri ak lalèp. Senyè a di l:
— Foure men ou anndan chemiz ou ankò, sou lestonmak ou.
Moyiz foure men l anndan chemiz li ankò. Lè li wete l, men li te menm koulè ak rès kò li. Senyè a di Moyiz:
— Si apre ou fin fè premye mirak la, ou wè yo pa vle kwè ou, yo pa vle koute ou, y'a kwè ou lè w'a fè dezyèm mirak sa a. Si apre ou fè de mirak sa yo, y'ap fè tèt di toujou, yo pa vle kwè ou toujou, yo pa vle koute sa w'ap di yo, w'a pran ti gout dlo nan gwo larivyè a, w'a vide l atè. Lamenm, dlo a va tounen san.