Moyiz reponn li: — Men, moun yo ka refize kwè m, yo ka pa koute sa m gen pou m di yo a. Yo ka di m se pa vre, Senyè a pat kras parèt devan mwen. Senyè a mande l: — Kisa ou gen nan men ou la a? Moyiz reponn li: — Yon baton. Senyè a di l: — Jete l atè. Moyiz jete baton an atè. Baton an tounen yon koulèv. Lè Moyiz wè sa, li pran kouri. Senyè a di Moyiz: — Lonje men ou, bese pran koulèv la nan ke. Moyiz lonje men l, li pran koulèv la nan ke. Lamenm, koulèv la tounen baton ankò nan men Moyiz. Senyè a di: — Men sa w'a fè pou yo ka kwè Senyè a, Bondye zansèt yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan ou.
Li Egzòd 4
Koute Egzòd 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 4:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo