Moyiz di pèp Izrayèl la: — Gade. Senyè a chwazi Bezaleyèl, pitit Ouri a, pitit pitit Our, nan branch fanmi Jida a. Li mete lespri l sou li an kantite pou l ba li ladrès, konesans ak bon konprann pou l fè tout kalite travay atizan yo konn fè a, pou l konn fè bèl desen, pou l fè travay an lò, an ajan ak an kwiv, pou l travay pyè tankou ofèv yo konn fè a, epi pou l konn moute yo, pou l travay bwa, pou l ka fè tout kalite travay atizan konn fè. Bondye ba li don pou l moutre lòt moun metye sa yo. Se menm jan an tou pou Owoliyab, pitit Ayisamak, nan branch fanmi Dann lan.
Li Egzòd 35
Koute Egzòd 35
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 35:30-34
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo