Lè Moyiz fin di yo sa, tout pèp Izrayèl la al lakay yo. Apre sa, tout moun ki te sòti pou bay ak tout kè yo, ki te vle fè ofrann, tounen vin jwenn li. Yo te pran nan sa yo genyen, yo pote ofri bay Senyè a pou fè Tant Randevou a, pou fè tout bagay yo bezwen pou sèvis li ansanm ak rad seremoni yo. Tout moun ki te sòti pou bay ak tout kè yo pou fè ofrann, fanm kou gason, yo vini, yo pote zanno, bag, kolye, brasle ak tout kalite bijou an lò. Chak moun te pote bijou an lò yo te mete apa pou Bondye.
Li Egzòd 35
Koute Egzòd 35
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 35:20-22
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo