Senyè a di Moyiz ankò: — Ekri tout pawòl sa yo, paske se dapre pawòl sa yo m'ap siyen kontra m lan avè ou ansanm avèk pèp Izrayèl la. Moyiz te rete la avèk Senyè a pandan karant jou karant nwit. Li pase tout jou sa yo san manje san bwè. Li te ekri tout pawòl kontra a sou wòch plat yo. Se te dis kòmandman yo. Lè Moyiz desann sòti sou mòn Sinayi a, li t'ap pote de wòch plat yo nan men l. Men, gen yon bagay li pat konnen. Lè li t'ap pale ak Senyè a, figi l te vin klere byen bèl. Arawon ak tout pèp la t'ap gade Moyiz, yo we jan figi l te klere, yo te pè pwoche bò kote l. Men Moyiz rele yo. Arawon vin jwenn li ansanm ak tout chèf pèp la. Moyiz pale ak yo. Apre sa, tout res pèp Izrayèl la pwoche, epi Moyiz ba yo tout lòd li te resevwa nan men Senyè a sou mòn Sinayi a. Lè Moyiz fin pale ak yo, li kouvri figi l ak yon twal. Chak fwa Moyiz antre nan tant lan devan Senyè a pou pale avè l, li toujou wete twal la jouk li sòti deyò ankò. Lè l sòti, li rakonte pèp Izrayèl la tou sa Senyè a te ba li lòd di yo.
Li Egzòd 34
Koute Egzòd 34
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 34:27-34
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo