Egzòd 33:7-11

Egzòd 33:7-11 HAT98

Moyiz pran tant lan, li mete li nan yon ti distans deyò limit kan yo te enstale a. Li rele li Tant Randevou. Tout moun ki te bezwen pale ak Senyè a te blije soti nan kan an pou ale nan Tant Randevou a. Chak fwa Moyiz te sòti pou l'al nan tant lan, tout pèp la te fèt pou kanpe, chak moun devan papòt kay yo, ap gade Moyiz jouk li antre nan tant lan. Depi Moyiz antre nan tant lan, poto nyaj la desann, li kanpe sou papòt tant lan. Epi Senyè a pran pale ak Moyiz. Lè tout moun wè poto nyaj la kanpe nan papòt tant lan, yo leve, yo bese tèt yo jouk atè devan papòt kay pa yo. Senyè a te konn pale fasafas ak Moyiz tankou yon moun k'ap pale ak zanmi l. Apre sa, Moyiz te tounen nan kan kote pèp la te enstale a. Men, te gen yon jenn gason yo te rele Jozye, pitit gason Noum lan, ki t'ap sèvi ak Moyiz. Li menm, li pat janm kite tant lan.