Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Egzòd 33:1-7

Egzòd 33:1-7 HAT98

Senyè a di Moyiz: — Leve non, ou menm ak tout pèp ou te fè sòti kite Lejip la. Kite kote nou ye a. Pran chemen pou n ale nan peyi mwen te sèmante bay Abraram, Izarak ak Jakòb la, lè m te di yo m'ap ba yo tè sa a pou pitit pitit yo. M'ap voye yonn nan zanj mwen yo devan nou. M'ap mete moun Kanaran yo, moun Amori yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, ak moun Jebis yo deyò sou tè yo a. Ale non. W'ap rive nan yon peyi kote lèt ak siwomèl se tankou dlo. Men se pa mwen menm menm ki prale ansanm avèk nou. Paske nou se yon bann moun kou rèd, mwen ka touye nou sou wout. Lè pèp la tande move nouvèl sa a, yon sèl lapenn pran yo. Tout moun refize pote bijou sou yo. Senyè a di Moyiz konsa: — Di pitit Izrayèl yo se yon bann moun ki gen tèt di yo ye. Si se pou m ta ale ak yo, menm yon sèl ti kadè, mwen ta fin estèminen yo nèt. Kounyeya, se pou yo wete tout bijou yo gen sou yo. Lè sa a m'a wè, sa m ka fè pou yo. Se konsa, depi sou mòn Orèb, moun Izrayèl yo pa janm pote bijou ankò sou yo. Moyiz pran tant lan, li mete li nan yon ti distans deyò limit kan yo te enstale a. Li rele li Tant Randevou. Tout moun ki te bezwen pale ak Senyè a te blije soti nan kan an pou ale nan Tant Randevou a.

Li Egzòd 33

Koute Egzòd 33

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 33:1-7

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo