Moyiz kanpe nan pòtay lakou kan an, li pale byen fò, li di: — Tout moun ki pou Senyè a, vin jwenn mwen. Se konsa tout pitit Levi yo vin jwenn li. Li di yo: — Men sa Senyè a, li menm ki Bondye pèp Izrayèl la di: Se pou nou chak pran nepe nou, mache nan tout kan an, depi nan pòtay sa a rive jouk lòt bò a. Touye mezi moun ki tonbe anba men nou, kit se frè nou, kit se zanmi nou, osinon vwazinay nou. Pitit Levi yo fè sa Moyiz te ba yo lòd fè a. Jou sa a, te gen twamil moun konsa nan pèp la ki te pèdi lavi yo. Moyiz di pitit Levi yo: — Jodi a, ak san pitit gason nou yo ak san frè nou yo, yo fè koule a, nou konsakre nou nèt pou sèvis Senyè a. Se poutèt sa tou Senyè a pa manke ban nou benediksyon li jodi a. Nan denmen, Moyiz rele pèp la, li di yo: — Nou te fè yon gwo peche. Men kounyeya, mwen pral moute sou mòn lan bò kote Senyè a. M'a wè si m ka jwenn padon pou peche nou an. Moyiz tounen bò kote Senyè a. Li di l: — Ou wè gwosè peche pèp la fè. Yo fè yon estati an lò pou sèvi yo bondye. Men, tanpri, padonnen peche yo. Si se pa sa, tanpri efase non m nan liv ou a. Senyè a reponn Moyiz, li di l: — Moun ki peche kont mwen an, se non l pou m efase nan liv mwen an.
Li Egzòd 32
Koute Egzòd 32
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 32:26-33
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo