Lè pèp la wè Moyiz te rete lontan sou mòn lan san li pa desann, yo rasanble bò kote Arawon, yo di li konsa:
— Annou debouye nou fè lòt Bondye ki pou mache devan nou paske nonm Moyiz la, nou pa konn sa li tounen.
Arawon di yo:
— Wete tout zanno lò ki nan zòrèy madanm nou yo ak nan zòrèy pitit fi ak pitit gason nou yo, pote yo ban mwen.
Konsa, tout pèp la wete zanno lò yo te gen nan zòrèy yo, yo pote yo bay Arawon. Arawon pran zanno yo, li fonn yo, li koule lò a nan yon moul, li fè estati yon ti towo bèf. Pèp la di:
— Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou sòti kite peyi Lejip la.
Lè Arawon wè sa, li bati yon lotèl devan estati ti towo bèf la, epi li di yo:
— Denmen m'ap fè yon gwo fèt pou Senyè a.
Nan denmen maten yo leve byen bonè, yo touye bèt, yo boule yo nèt ofri bay Senyè a. Yo touye lòt bèt tou pou di l mèsi. Apre sa, pèp la chita, yo manje, yo bwè. Lèfini, yo leve pou yo pran plezi yo.
Lè sa a, Senyè a di Moyiz:
— Ale non, ou mèt desann. Paske pèp ou a, pèp ou te fè moute sòti nan peyi Lejip la, gentan deraye, yo lage tèt yo nan bwa. Yo gentan kite chemen mwen te mande yo swiv la. Yo pran lò, yo fonn li, yo fè estati yon ti towo bèf, yo tonbe fè sèvis pou li, yo touye bèt ofri ba li, epi yo di: Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou sòti kite peyi Lejip la.
Senyè a di Moyiz ankò:
— Mwen wè pèp sa a se yon pèp ki gen tèt di. Bon, kounyeya kite m al regle ak yo. Mwen pral fè yo konnen lè m ankòlè, m'ap detwi yo, m'ap boule yo. Men, ou menm, m'ap fè ou vin yon gwo nasyon.