Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Egzòd 31:12-17

Egzòd 31:12-17 HAT98

Senyè a di Moyiz konsa: — W'a di pèp Izrayèl la: Se pou nou respekte jou repo mwen yo, paske se va yon siy ant mwen menm ak nou menm, ak tout pitit pitit nou yo, pou fè konnen se mwen menm, Senyè a, ki mete nou apa pou mwen. Se poutèt sa, se pou nou respekte jou repo a paske se yon jou pou nou konsakre pou mwen. Si yon moun pa respekte jou sa a, se pou yo touye li. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo disparèt li nan mitan pèp li a. N'a fè tout travay nou pandan sis jou. Men setyèm jou a se va yon gwo jou repo, jou n'a konsakre pou Senyè a. Nenpòt moun ki fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo touye l. Se tout pèp la nèt ki pou respekte jou repo a de pitit an pitit. Se yon kontra ki la pou tout tan. Sa va yon siy ant mwen menm ak pèp Izrayèl la, paske mwen menm, Senyè a, mwen te pran sis jou pou m fè syèl la ak latè a. Sou setyèm jou a mwen te sispann travay, mwen te pran repo.

Li Egzòd 31

Koute Egzòd 31

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 31:12-17

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo