Senyè a pale ak Moyiz, li di l: — Mwen chwazi Bezaleyèl, pitit Ouri, pitit pitit Our, nan branch fanmi Jida a. Mwen mete lespri m sou li an kantite pou l ka gen ladrès, bon konprann ak konesans pou l fè tout kalite travay atizan yo konn fè, pou l ka fè bèl desen, pou l travay yo an lò, an ajan ak an kwiv, pou l travay pyè tankou òfèv yo konn fè a, pou l moute yo sou nenpòt bagay, pou l ka fè desen sou bwa, wi pou l fè tout kalite bon bagay atizan konn fè. Nan travay sa a, mwen bay Bezaleyèl yon lòt bòs pou ede l nan travay la: se Owoliyab, pitit Ayisamak, moun branch fanmi Dann. Konsa tou, tout lòt moun nan pèp Izrayèl la n'a wè ki gen ladrès, konnen se mwen menm ki ba yo l pou yo ka fè sa mwen mande ou fè a. Men sa mwen te mande ou fè: Tant Randevou a, Bwat Kontra a avèk wòch plat yo, kouvèti ki pou ale sou bwat la ansanm ak tout mèb ki pou ale nan tant lan
Li Egzòd 31
Koute Egzòd 31
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 31:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo