Bondye di Moyiz: — Sa m ye a se sa m ye. Apre sa li di ankò: — W'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: Mwen menm ki rele sa m ye a, se mwen menm ki voye ou bò kote yo. Bondye di Moyiz ankò: — Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo. Senyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, voye m bò kote nou. Wi, se konsa mwen rele. Se konsa y'ap toujou rele m sou latè de tit an tit.
Li Egzòd 3
Koute Egzòd 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 3:14-15
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo