W'a pran Arawon ak pitit li yo: Nadab, Abiyou, Eleaza, Itama, w'a wete yo nan mitan moun Izrayèl yo, w'a fè yo vin jwenn ou. W'a mete yo apa pou yo sèvi m prèt. W'a fè rad pou Arawon, frè ou la, rad pou li mete lè l'ap fè sèvis, pou l ka byen abiye, pou moun ka rekonèt grad li. W'a pale ak atizan ki konnen metye yo byen. Se mwen menm ki ba yo tout ladrès yo genyen an. W'a mande yo pou yo fè rad Arawon yo, pou ou ka mete l apa pou mwen pou l ka sèvi m prèt.
Li Egzòd 28
Koute Egzòd 28
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 28:1-3
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo