Egzòd 24:1-18

Egzòd 24:1-18 HAT98

Apre sa, Bondye di Moyiz: — Moute sou mòn nan bò kote mwen ansanm ak Arawon, Nadab, Abiyou ak swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la. N'a rete yon distans, n'a bese byen ba pou nou adore mwen. Apre sa, Moyiz va pwoche pou kont li, la vin bò kote m. Piga lòt yo pwoche. Pèp la menm pa pou moute avè yo. Moyiz ale, li rapòte bay pèp la tou sa Senyè a te di l yo ansanm ak tout lòd li te bay yo. Tout pèp la reponn ansanm: — N'a fè tou sa Senyè a di nou fè. Moyiz ekri tou sa Senyè a te di l yo. Nan denmen maten, byen bonè, lè Moyiz leve, li bati yon lotèl nan pye mòn lan. Li pran douz gwo wòch, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, li mete yo kanpe. Apre sa, li pran kèk jenn gason nan moun Izrayèl yo, li voye yo al ofri bèt pou touye bay Senyè a: yo ofri bèt yo te boule nèt pou Senyè a. Yo touye kèk towo bèf pou di Senyè a mèsi. Moyiz pran mwatye nan san an, li mete l nan ganmèl. Lòt mwatye a, li vide l sou lotèl la. Lèfini, li pran liv kontra a, li li l pou tout pèp la ka tande. Apre sa, pèp la di: — N'a fè tou sa Senyè a mande nou fè, n'a obeyi l. Lè sa a, Moyiz pran san ki te nan ganmèl yo, li voye l sou pèp la, li di: — San sa a sèvi pou siyen kontra Senyè a pase ak nou an, dapre pawòl li di yo. Moyiz moute sou mòn lan ansanm ak Arawon, Nadab, Abiyou ak swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la. Yo te wè Bondye pèp Izrayèl la. Anba pye l, te gen yon bagay plat fèt ak bèl pyè kristal ble yo rele safi. Li te klè tankou syèl la lè pa gen yon ti nyaj menm ladan li. Senyè a pat fè chèf pèp Izrayèl yo anyen. Se konsa yo te wè Bondye. Aprè sa, yo manje epi yo bwè. Senyè a di Moyiz konsa: — Moute sou mòn lan bò kote m. Rete la. M'a ba ou de wòch plat avèk lalwa ak regleman mwen te ekri sou yo pou fè levasyon pèp la. Moyiz leve ansanm ak Jozye, adjwen li a, yo moute sou mòn Bondye a. Anvan Moyiz te ale, li di chèf fanmi yo: — Rete tann nou isit la jouk nou tounen. Men Arawon ak Our ap rete ak nou. Si yon moun bezwen regle yon pwoblèm, li mèt al jwenn yo. Moyiz moute sou mòn lan, epi nyaj kouvri mòn lan nèt. Pouvwa Senyè a desann sou mòn Sinayi a. Nyaj kouvri mòn lan pandan sis jou. Sou setyèm jou a, Senyè a rete nan nyaj la, li rele Moyiz. Pou moun pèp Izrayèl yo menm, prezans pisans Senyè a te parèt sou yon dife sou mòn lan. Moyiz antre nan mitan nyaj la, li moute sou mòn lan. Moyiz pase karant jou ak karant nwit sou mòn lan.