Toujou chonje jou repo a pou nou mete l apa pou mwen. N'a travay sis jou. Lè sa yo n'a fè tou sa nou gen pou fè. Men, setyèm jou a, se jou repo pou nou mete apa pou Senyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè okenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni moun k'ap travay lakay nou, ni bèt nou yo, ni etranje ki lakay nou. Paske, Senyè a te pran sis jou pou l fè syèl la, latè a ak lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan yo. Apre sa, sou setyèm jou a, li pran repo. Se poutèt sa, Senyè a beni jou repo a, li mete l apa pou li. Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ban nou an. Piga nou fè zak asasinay. Piga nou fè adiltè.
Li Egzòd 20
Koute Egzòd 20
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 20:8-14
4 Jou
Gid lekti sa a ap gide lektè yo atravè aspè kle nan Liv Ansyen Testman yo, ofri yon vizyon sou estrikti, tèm, ak enpòtans divès liv yo. Pandan kat jou, n ap eseye konprann kontèks istorik, estil literè, ak mesaj ki fè chak liv yo diferan, pandan n ap pwofondi konpreyansyon ak apresyasyon nou pou Bib la an jeneral.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo