Egzòd 20:15-26

Egzòd 20:15-26 HAT98

Piga nou vòlò moun sove ak yo. Piga nou bay manti sou frè parèy nou. Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou: ni sou kay frè parèy nou, ni sou madanm li, ni sou moun k'ap sèvi lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou okenn lòt bagay ki pou frè parèy nou. Lè pèp la tande bri loray la ak son twonpèt la, lè yo wè kout zeklè sou kout zeklè, ak mòn lan ki t'ap pouse lafimen, yo tranble sitèlman yo te pè. Yo ret kanpe byen lwen. Yo di Moyiz konsa: — Pito se ou menm ki pale ak nou, n'a koute sa w'ap di. Men, si se Bondye ki pou pale avèk nou, n'a mouri. Moyiz di pèp la: — Nou pa bezwen pè. Bondye vini pou wè kote nou ye avèk li. Li vle pou nou toujou gen krentif pou li, pou nou pa lage kò nou nan fè peche. Men pèp la rete kanpe byen lwen. Sèl Moyiz te pwoche kote nyaj nwa a kote Bondye te ye a. Senyè a di Moyiz: — Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Nou wè ki jan mwen ret nan syèl la pou m pale ak nou. Piga n'al fè lòt bondye an ajan osinon an lò pou nou sèvi yo ansanm avè m. N'a bati yon lotèl an tè pou mwen. Se sou li n'a ofri bèt n'a touye pou boule nèt yo ak bèt n'a touye pou di mèsi. Se sou li n'a ofri mouton ak bèf nou yo. Chak kote m'a di nou pou nou fè sèvis pou mwen, m'a vin jwenn nou la, m'a beni nou. Si nou fe yon lotèl ak wòch pou mwen, pa travay wòch n'a pran pou fè l la. Paske lè ou travay yon wòch ak sizo, li pa ka sèvi pou mwen ankò. Piga nou sèvi ak macheskalye pou nou moute sou lotèl mwen pou moun pa wè anba rad nou.