Egzòd 2:11-22

Egzòd 2:11-22 HAT98

Lè sa a, Moyiz te gentan majè. Yon jou, li soti pou l'al vizite moun pèp Izrayèl parèy li yo. Li wè jan yo t'ap fè yo travay di. Li wè yon moun ejipsyen ki t'ap bimen yon ebre anba kou, yonn nan moun parèy li yo. Li voye je l adwat, li voye je l agòch, li pa wè pèsonn. Li touye moun pèyi Lejip la, li fouye yon twou nan sab la, li kache kadav la. Nan denmen, li sòti ankò, li wè de ebre ki t'ap goumen. Li di sa ki te antò a: — Poukisa w'ap maltrete moun menm ras ak ou konsa? Men, nonm lan reponn li: — Kilès ki mete ou chèf pou kòmande nou? Gen lè ou vle touye m menm jan ou te touye moun peyi Lejip la? Moyiz vin pè, li di nan kè l: — Aa! Gen moun ki konnen sa m te fè a! Farawon an pran nouvèl sa k te pase. Li t'ap chache Moyiz pou touye l. Men Moyiz chape kò l anba men l, l'al rete nan peyi Madyan. Rive la, li chita bò yon pi. Prèt peyi Madyan an te gen sèt pitit fi. Yo te vin tire dlo plen veso yo pou bay mouton papa yo bwè. Men, kèk lòt gadò mouton vin rive, yo kouri dèyè medam yo. Moyiz leve, li pran defans yo, epi li bay mouton medam yo bwè. Lè medam yo tounen lakay Reouyèl, papa yo, li mande yo: — Ki jan nou fè tounen vit konsa jòdi a? Yo reponn li: — Se yon moun peyi Lejip ki te delivre nou anba men gadò mouton yo. Apre sa, se li menm ankò ki tire dlo pou nou bay bèt yo bwè. Reyouwèl mande pitit fi li yo: — Kote msye? Poukisa nou kite li laba a? Al rele li vin pran kichòy ak nou. Moyiz te dakò pou li te rete lakay nonm sa a. Reyouwèl bay Moyiz Sefora, yonn nan fi li yo, pou madanm. Sefora fè yon tigason. Lè sa a, Moyiz di: — Se moun vini mwen ye nan peyi sa a. Se rezon sa a ki fè li rele pitit la Gèchon, ki vle di: Moun vini.