Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Egzòd 17:8-16

Egzòd 17:8-16 HAT98

Antan pèp Izrayèl la Refidim, moun Amalèk yo vin atake li. Moyiz di Jozye konsa: — Chwazi kèk vanyan gason. Denmen maten, soti al goumen ak moun Amalèk yo. Mwen menm, bò pa mwen, m'a moute ak baton Bondye a nan men mwen. Mwen v'al kanpe sou tèt mòn nan. Jozye fè tou sa Moyiz te di l fè. Li sòti al goumen ak moun Amalèk yo. Moyiz menm moute sou tèt ti mòn lan ansanm ak Arawon ak Our. Toutotan Moyiz te kenbe men li anlè, se moun Izrayèl yo ki te pi fò. Men kou Moyiz bese men li, moun Amalèk yo vin pi fò. Rive yon lè Moyiz te bouke, de bra l t'ap fè l mal. Arawon ak Our pran yon wòch, yo mete l deye Moyiz, yo fè Moyiz chita sou li. Yo chak pran yon bra Moyiz, yo kenbe yo anlè. Yo kenbe yo konsa jouk solèy kouche. Jozye menm te bat Amalèk ak moun li yo byen bat, li touye yo anba kout nepe. Apre sa, Senyè a di Moyiz: — Ekri sa nan liv rejis la pou moun yo pa jan n bliye batay sa a. W'a di Jozye konsa m'ap efase non Amalèk sou latè pou yo pa janm chonje l ankò. Moyiz bati yon lotèl, li rele l: Senyè a se drapo m. Apre sa li di: — Men mwen leve men m devan fòtèy Senyè a, Senyè a p'ap janm sispann goumen ak moun Amalèk yo.

Li Egzòd 17

Koute Egzòd 17

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 17:8-16

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo