Senyè a di Moyiz: — Pran kèk chèf fanmi pèp Izrayèl la avèk ou, pase devan pèp la. Kenbe baton ou te sèvi pou frape gwo larivyè Nil lan nan men ou. Epi mache. Mwen menm, m'ap kanpe laba a, dwat devan ou, sou tèt gwo wòch Orèb la. W'a frape wòch la, dlo va sòti ladan l. Pèp la va bwè. Se sa menm Moyiz te fè devan chèf fanmi pèp Izrayèl la. Yo rele kote sa a Masa ak Meriba, Paske pèp Izrayèl la t'ap chache fè kont, yo t'ap eksite Senyè a lè yo t'ap mande: Eske se vre Senyè a nan mitan nou tout bon?
Li Egzòd 17
Koute Egzòd 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 17:5-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo