Lè moun pèp Izrayèl yo wè sa, yo pat konn sa l te ye. Yonn t'ap di lòt: — Sa sa ye sa? Moyiz di yo: — Sa a, se pen Senyè a ban nou pou nou manje. Men lòd Senyè a ban nou: Se pou chak moun ranmase mezi yo bezwen pou kantite moun ki lakay yo. N'a ranmase twa ti mamit edmi pou chak moun. Moun pèp Izrayèl yo fè sa Moyiz te di yo fè a. Gen moun ki te ranmase plis, gen lòt ki te ranmase pi piti. Men, lè yo mezire, sa ki te ranmase plis yo pat gen twòp, sa ki te ranmase pi piti yo pat manke anyen. Konsa, chak moun te ranmase mezi yo te bezwen pou yo manje. Moyiz di yo: — Piga pèsonn sere anyen pou denmen. Men gen moun ki pat koute Moyiz. Yo sere ti gout pou denmen maten. Nan denmen yo jwenn li plen vè, li te gate. Moyiz te fache sou moun sa yo. Chak maten yo ranmase mezi yo te bezwen pou yo manje. Men, kou solèy la konmanse cho, bagay la te fonn.
Li Egzòd 16
Koute Egzòd 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 16:15-21
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo