Konsa, lè Senyè a va pase nan peyi Lejip la pou touye moun peyi Lejip yo, l'a wè san an sou chanbrann yo ak sou lento a, l'ap pase devan pòt la, li p'ap kite moun ki reskonsab pou touye a antre lakay nou pou touye nou. N'a fè tout bagay sa yo sèvi tankou yon lwa ki la pou tout tan, ni pou nou ni pou pitit nou yo. Lè n'a antre nan peyi Senyè a pral ban nou an, jan l te pwomèt la, se pou nou toujou fè seremoni sa a. Lè timoun nou yo va mande nou sa seremoni sa a vle di, n'a reponn yo: Se fèt Delivrans lan n'ap fete pou Senyè a, paske li te sote kay moun pèp Izrayèl yo nan peyi Lejip, lè li t'ap touye moun peyi Lejip yo. Konsa li pat fè nou anyen.
Apre tout pawòl sa yo, tout moun pèp Izrayèl yo met ajenou, yo bese tèt yo atè pou adore Senyè a. Lèfini, yo leve, y ale, yo fè tou sa Senyè a te bay Moyiz ak Arawon lòd fè a. Wi, yo fè tout bagay jan li te bay lòd la.
Nan mitan lannwit, Senyè a touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, depi premye pitit gason farawon an ki chita sou fòtèy la, jouk premye pitit gason prizonye ki te nan kacho. Tout premye pitit bèt yo tou te mouri. Jou lannwit sa a, farawon an leve, li menm, tout chèf li yo ansanm ak tout pèp peyi Lejip la. Yon gwo rèl pete toupatou nan peyi Lejip, paske pat gen yon kay ki pat gen lanmò. Nan mitan lannwit lan, farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo:
— Leve, ale fè wout nou! Wete kò nou nan mitan pèp mwen an, nou menm ansanm ak moun pèp Izrayèl la. Ale, mwen di nou. Al fè sèvis pou Senyè a jan nou te di a. Nou mèt pran mouton nou ak bèf nou yo, jan nou te di l la. Epi mande Bondye pou l beni mwen.
Moun peyi Lejip yo te cho cho dèyè moun pèp Izrayèl yo pou fè yo prese kite peyi a. Yo t'ap di:
— Si nou pa ale, nou tout ap mouri!
Se konsa pèp Izrayèl la pran pat farin lan san yo pat ankò mete ledven ladan l. Yo mete yo sou platin fou yo, yo vlope yo nan rad yo, yo mete yo sou zepòl yo. Moun pèp Izrayèl yo te fè sa Moyiz te di yo a. Yo mande moun peyi Lejip yo bijou an ajan, bijou an lò ansanm ak rad. Senyè a te fè moun peyi Lejip yo gen kè sansib pou pèp Izrayèl la. Yo ba yo tou sa yo te mande. Se konsa pèp Izrayèl la pran tout bagay moun peyi Lejip yo.
Moun Izrayèl yo pati kite Ramsès pou Soukòt. Te gen sisanmil gason konsa, san konte fanm ak timoun. Yo tout te apye. Te gen anpil moun lòt peyi tou ki te pati ansanm ak yo. Te gen anpil mouton, kabrit ak bèf tou. Avèk pat farin yo te pote sòti peyi Lejip la, yo fè pen. Pen yo te san ledven, paske yo te prese mete yo deyò nan peyi Lejip la. Yo pat menm gentan fè povizyon.
Moun pèp Izrayèl yo te pase katsantrantan nan peyi Lejip la. Menm jou ki te fè yo katsantrantan nan peyi a, jou pou jou, tout lame moun Senyè a sòti kite peyi Lejip la. Se te yon jou lannwit. Senyè a te pase tout nwit la ap veye pou fè yo sòti kite peyi Lejip la. Se poutèt sa, se pou yo mete nwit sa a apa pou yo fè veye pou Senyè a. Se bagay pou yo toujou fè de pitit an pitit.
Senyè a di Moyiz ak Arawon konsa:
— Men prensip pou fete fèt Delivrans lan. Okenn moun lòt nasyon pa gendwa patisipe nan manje fèt la. Domestik nou achte pou sèvis lakay nou, lè nou fin sikonsi yo, yo mèt patisipe. Moun lòt nasyon ki depasay lakay nou, tavayè ki la pou lajan yo lakay nou, yo pa gendwa patisipe. Se pou nou manje manje a anndan kay. Piga pyès manje soti deyò. Nou pa fèt pou nou kraze okenn zo nan vyann bèt nou touye pou nou manje jou sa a. Se pou tout pèp Izrayèl la nèt fete fèt la. Si gen moun lòt nasyon nan peyi a ki vle nan fèt la, se pou li sikonsi tout gason lakay li nèt epi, apre sa, l'a gendwa vanse pou li patisipe. Yo va konsidere li pou moun natif-natal pèp Izrayèl la. Pyès gason ki pa sikonsi pa gendwa patisipe nan manje fèt la. Prensip sa yo la pou tout moun. Kit se etranje, kit se moun natif-natal k'ap viv nan peyi nou an.
Tout moun pèp Izrayèl yo te swiv lòd la, yo te fè sa Senyè a te bay Moyiz ak Arawon lòd fè a. Se jou sa a Senyè a te fè tout lame moun Izrayèl yo sòti kite peyi Lejip la.