Moyiz rele tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, li di yo: — Se pou chak moun al chache yon ti mouton osinon yon ti kabrit pou yo touye pou fèt delivrans lan pou fanmi nou. Apre sa, n'a pran yon branch izòp, n'a tranpe l nan kivèt ki gen san bèt la. N'a pase l sou de chanbrann pòt la ak sou travès lento a. Apre sa, piga pèsonn sòti dèyò lakay yo jouk li jou. Konsa, lè Senyè a va pase nan peyi Lejip la pou touye moun peyi Lejip yo, l'a wè san an sou chanbrann yo ak sou lento a, l'ap pase devan pòt la, li p'ap kite moun ki reskonsab pou touye a antre lakay nou pou touye nou. N'a fè tout bagay sa yo sèvi tankou yon lwa ki la pou tout tan, ni pou nou ni pou pitit nou yo. Lè n'a antre nan peyi Senyè a pral ban nou an, jan l te pwomèt la, se pou nou toujou fè seremoni sa a. Lè timoun nou yo va mande nou sa seremoni sa a vle di, n'a reponn yo: Se fèt Delivrans lan n'ap fete pou Senyè a, paske li te sote kay moun pèp Izrayèl yo nan peyi Lejip, lè li t'ap touye moun peyi Lejip yo. Konsa li pat fè nou anyen. Apre tout pawòl sa yo, tout moun pèp Izrayèl yo met ajenou, yo bese tèt yo atè pou adore Senyè a.
Li Egzòd 12
Koute Egzòd 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 12:21-27
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo