Antan Moyiz ak Arawon te nan peyi Lejip la, Senyè a di yo: — Se mwa sa a k'ap premye mwa pou nou nan lanne a. Se li menm k'ap anvan tout lòt mwa yo. Pale tout moun pèp Izrayèl la. Di yo: Sou dizyèm jou mwa sa a, n'a pran yon ti mouton pou chak fanmi, tande byen wi, yon ti mouton pou chak kay. Si pa gen kont moun nan kay la pou manje tout ti mouton an, se pou yo mete tèt yo ansanm ak vwazinay ki pi pre kay la. N'a kalkile kantite moun ki nesesè pou manje mouton an, sa chak moun ka manje. Se pou ti bèt nou chwazi a yon timal ki gen ennan, epi ki pa gen okenn enfimite, li te mèt mouton, li te mèt kabrit. N'a gade l apa jouk sou katòzyèm jou mwa a. Jou sa a, nan aswè, tout moun Izrayèl yo va touye ti bèt la anvan li fin fè nwa. N'a pran ti gout nan san bèt la, n'a pase l sou de chanbrann pòt kay la ansanm ak sou travès lento pòt la, nan kay kote n'ap manje ti bèt la. Menm nwit sa a, n'a boukannen vyann lan. Apre sa, n'a manje l avèk pen ki fèt san ledven epi ak fèy lanman. Piga nou manje vyann lan ni manke kwit ni bouyi. Se boukannen pou nou boukannen l tout ankè ak tout tonbe a. Pa kite anyen pou denmen maten. Si rete rès, se pou nou boule l nan dife. Men ki jan pou nou ranje kò nou pou nou manje l: n'a mare ren nou, sapat nou nan pye nou, baton nou nan men nou. Se pou nou manje l prese prese, paske se lè sa a Senyè a ap pase. Jou lannwit sa a, m'ap pase nan tout peyi Lejip la, m'ap touye tout premye pitit gason ak tout premye pitit bèt yo ki nan peyi a. M'ap regle tout bondye peyi Lejip yo. Se mwen menm ki Senyè a. San nou pase sou pòt yo va make kay kote nou ye a. Lè m'a wè san an, m'a sote kay nou. Konsa, lè m'ap frape peyi Lejip la, chatiman an p'ap tonbe sou nou tou.
Li Egzòd 12
Koute Egzòd 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 12:1-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo