Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Egzòd 1:8-14

Egzòd 1:8-14 HAT98

Te gen yon wa lòt fanmi ki vin ap gouvènen peyi Lejip. Wa sa a pa te konnen anyen sou Jozèf. Li di pèp li a konsa: — Gade! Pèp Izrayèl la vin pi plis pase nou. Yo vin gen plis fòs pase nou. Tande non! Fòk nou jwenn yon jan wi pou nou bat ak moun sa yo, pou yo pa vin pi plis toujou. Paske si, yon jou, lagè pete la a, yo ka mete ak lènmi nou pou yo bat nou. Apre sa, y'a pati kite peyi a. Se konsa yo mete kèk chèf sou pèp Izrayèl la pou kraze kouray yo, pou fè yo fè kòve travo fòse san pran souf. Moun pèp Izrayèl yo bati lavil Piton ak Ranmsès pou farawon an. Se nan lavil sa yo yo te fè depo manje. Men, tank moun Lejip yo t'ap peze moun pèp Izrayèl yo, se tank tou yo t'ap fè pitit, se tank yo t'ap peple. Sa te vin fè moun Lejip yo soti pè moun pèp Izrayèl yo. Se konsa, yo fè pèp Izrayèl la tounen esklav. Yo rann yo lavi minab. Yo fè yo travay rèd rèd ap bat mòtye, ap fè tout kalite kòve nan jaden. Yo bat yo, yo fòse yo fè tout kalite travay.

Li Egzòd 1

Koute Egzòd 1

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 1:8-14

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo