Lè sa a, wa a fè rele fanmchay yo, li mande yo: — Poukisa nou fè sa? Apa nou kite ti gason yo viv tou? Medam yo reponn: — Fanm ebre sa yo pa tankou fanm Lejip yo non. Yo gen kouray sou yo wi. Anvan fanmchay la rive, yo gentan akouche. Bondye te beni fanmchay yo. Moun pèp Izrayèl yo menm t'ap vin pi plis toujou. Yo t'ap pran plis fòs toujou nan peyi a. Paske fanmchay yo te gen krentif pou Bondye, Bondye te ba yo anpil pitit. Lè sa a, farawon an bay pèp li a lòd sa a: — Se pou nou jete tout ti gason ki fèt lakay moun ebre yo nan gwo larivyè a. Men kite tout ti fi yo viv.
Li Egzòd 1
Koute Egzòd 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 1:18-22
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo