Menm jou sa a, wa Asyeris pran tout byen Aman yo, nonm ki pat vle wè jwif yo, li fè larenn Estè kado. Estè fè wa a konnen Madoche se fanmi li. Depi lè sa a, Madoche te gendwa parèt devan wa a. Wa a wete bag li te reprann nan men Aman an, li bay Madoche li. Estè menm mete Madoche reskonsab tout byen Aman yo.
Apre sa, Estè al pale ak wa a ankò. Li lage kò l nan pye l ap kriye. Li mande l pou l fè kichòy pou kraze vye konplo Aman, moun laras Agag la, te moute sou do jwif yo. Wa a lonje baton lò a bay Estè. Estè leve epi li di:
— Si sa fè wa a plezi, si wa a kontan avè m, si se yon bagay li ka fè, si mwen fè wa a plezi, tanpri, ekri yon lèt pou revoke lòd Aman, pitit Amedata, moun laras Agag la, te bay pou yo te touye dènye kras jwif toupatou nan peyi wa a. Mwen p'ap ka rete konsa pou m wè malè sa a ap tonbe sou moun pèp mwen yo, pou m wè y'ap touye tout fanmi m yo.
Wa Asyeris di Estè ak Madoche konsa:
— Gade, mwen fè pann Aman poutèt konplo li te moute sou do jwif yo, lèfini, m bay Estè tout byen li yo. Men, depi yo bay yon lòd piblik nan non wa a, avèk sò wa a sou li, lod la pa ka revoke. Tansèlman, nou menm, nou gendwa ekri yon lèt bay jwif yo nan non mwen avèk sò mwen sou li.
Tou sa te pase nan venntwazyèm jou twazyèm mwa a, mwa Sivan an. Madoche fè chache tout sekretè wa yo, li di yo tou sa pou yo mete nan lèt pou yo voye bay jwif yo, bay gouvènè yo, bay prefè yo ak lòt chèf pèp yo, nan tout sanvennsèt (127) pwovens yo, depi peyi Lend rive peyi Letyopi. Lèt yo te ekri pou chak pwovens yo nan lang yo, dapre jan yo ekri lang lan nan peyi a. Yo ekri lèt pou jwif yo nan lang pa yo, dapre jan yo ekri lang pa yo a tou. Madoche fè ekri lèt yo nan non wa a, epi li mete sò wa a sou yo. Yo renmèt lèt yo bay mesaje pote ale. Mesaje yo te moute sou chwal yo te pran nan ekiri wa a.
Dapre sa ki te nan lèt yo, wa a te bay tout jwif yo pèmisyon pou yo te òganize yo nan chak lavil peyi a pou yo te ka defann tèt yo. Nenpòt moun lòt nasyon ki ta atake yo ak zam nan nenpòt pwovens, se pou yo koresponn ak yo, se pou yo masakre yo ansanm ak madanm yo ak pitit yo. Se pou yo touye yo nèt ale, lèfini pou yo pran tout byen yo.