Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Estè 5:1-8

Estè 5:1-8 HAT98

Sou twazyèm jou a, Estè mete rad larenn li sou li, l ale, li kanpe nan lakou anndan palè a, devan salon wa a. Wa a te chita sou fòtèy li anndan salon an anfas pòt pou antre a. Lè wa a wè larenn Estè kanpe deyò a, sa te fè li kontan. Li lonje baton lò ki nan men li a ba li. Estè antre, li manyen pwent baton an. Wa a mande l: — Sa ki genyen, larenn Estè? Sa ou bezwen? Ou te mèt mande m mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li. Estè reponn li: — Si sa fè wa a plezi, mwen ta renmen wa a vini ansanm ak Aman nan yon ti fèt m'ap fè pou li lakay mwen aswè a. Lamenm wa a di: — Kouri vit al chache Aman pou n'al kay Estè ki envite nou. Se konsa, wa a ale nan ti fèt Estè te fè pou li a ansanm ak Aman. Pandan yo t'ap bwè diven, wa a mande Estè konsa: — Di m sa ou vle, m'ap ba ou li. Ou te mèt mande m mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li. Este reponn, li di konsa: — Sa m bezwen...? Sa m ta mande ou...? Si wa a kontan avè m, si se plezi li pou li ban m sa m vle a, pou li fè sa m'a mande l fè a, mwen ta renmen wa a ansanm ak Aman vini denmen lakay mwen pou yon lòt ti fèt m'ap fè pou li ansanm ak Aman. Lè sa a, m'a di monwa sa m bezwen.

Li Estè 5

Koute Estè 5

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Estè 5:1-8

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo