Estè 5:1-14

Estè 5:1-14 HAT98

Sou twazyèm jou a, Estè mete rad larenn li sou li, l ale, li kanpe nan lakou anndan palè a, devan salon wa a. Wa a te chita sou fòtèy li anndan salon an anfas pòt pou antre a. Lè wa a wè larenn Estè kanpe deyò a, sa te fè li kontan. Li lonje baton lò ki nan men li a ba li. Estè antre, li manyen pwent baton an. Wa a mande l: — Sa ki genyen, larenn Estè? Sa ou bezwen? Ou te mèt mande m mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li. Estè reponn li: — Si sa fè wa a plezi, mwen ta renmen wa a vini ansanm ak Aman nan yon ti fèt m'ap fè pou li lakay mwen aswè a. Lamenm wa a di: — Kouri vit al chache Aman pou n'al kay Estè ki envite nou. Se konsa, wa a ale nan ti fèt Estè te fè pou li a ansanm ak Aman. Pandan yo t'ap bwè diven, wa a mande Estè konsa: — Di m sa ou vle, m'ap ba ou li. Ou te mèt mande m mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li. Este reponn, li di konsa: — Sa m bezwen...? Sa m ta mande ou...? Si wa a kontan avè m, si se plezi li pou li ban m sa m vle a, pou li fè sa m'a mande l fè a, mwen ta renmen wa a ansanm ak Aman vini denmen lakay mwen pou yon lòt ti fèt m'ap fè pou li ansanm ak Aman. Lè sa a, m'a di monwa sa m bezwen. Jou sa a, lè Aman sòti nan fèt la, li te kontan, li t'ap ri ak tout moun. Men, lè li rive bò pòtay palè a, li wè Madoche pa menm fè yon rimay leve lè l'ap pase. Li move anpil sou Madoche, men li pa kite moun wè sa, epi l'al lakay li. Lèfini, li fè chache zanmi l yo, epi li mande madanm li Zerès pou li vini tou. Aman koumanse pale devan yo. L'ap di jan li rich, jan li gen lajan, konbe pitit gason li genyen, jan wa a moute li grad, li mete li chèf alatèt tout minis ak tout lòt moun nan gouvènman an. Lèfini, li di: — Sa ki pi rèd, larenn Estè fè fèt pou wa a, kilès ou kwè li envite? Mwen menm ase, pèsonn ankò! Men li envite m pou denmen ankò! Men, tou sa pa di m anyen, toutotan m'a wè jwif yo rele Madoche a chita nan pàpòt palè wa a. Lè sa a, Zerès, madanm li, ak tout zanmi l yo di l konsa: — Poukisa ou pa fè yo kanpe yon poto swasannkenz pye wotè nan lakou lakay ou? Denmen maten, w'a mande wa a pou yo pann Madoche nan poto a. Apre sa, w'aval nan fèt la ak kè kontan. Aman wè se te yon bon lide yo te ba li la a. Li fè kanpe yon poto swasannkenz pye wotè nan lakou lakay li.