Estè 1:1-15

Estè 1:1-15 HAT98

Vwala se te sou reny wa Asyeris. Li t'ap gouvènen sanvennsèt (127) pwovens depi peyi Lend rive peyi Letyopi. Lè sa a, wa a te rete lavil Souz, kapital la, ki te tankou yon sitadèl. Li te gen twazan depi li te wa. Yon jou, li bay yon gwo fèt babako pou tout chèf li yo epi ak pou tout lòt moun ki nan sèvis gouvènman an. Tout lame peyi Pès ak peyi Medi te la tou ak tout gouvènè ak tout gwo zotobre lòt peyi ki anba pouvwa li. Pandan sis mwa, wa a t'ap fè yo wè jan palè l la te rich, jan li te grannèg anpil, ak kantite bèl bagay li te genyen. Apre tout jou sa yo, wa a fè yon gwo fèt pou tout moun, rich kou pòv, ki te rete lavil Souz, kapital la. Pandan sèt jou, li resevwa mesye yo nan lakou jaden palè l la. Lakou palè a te dekore ak bèl rido koulè blan ak ble. Yo te mare rido yo ak bèl ti kòdon koulè vyolèt nan bag ajan moute sou gwo poto fèt ak mab blan. Yo te fè ranje bèl kabann lò epi ajan nan tout lakou a. Lakou a te pave ak mab blan, mab wouj, mab nwa, gwo pèl klere ak bèl pyè ble. Yo te sèvi bwason nan gwo gode lò. Chak gode te gen fòm pa yo. Yo te sèvi diven san gad dèyè, jan wa a te vle li a. Tout moun t'ap bwè san pèsonn pa kontwole bouch yo, paske wa a te bay kanbizye li yo lòd pou chak moun te jwenn mezi yo vle. Larenn Vachti bò pa l t'ap resevwa medam yo anndan palè wa Asyeris la. Dènye jou fèt la, wa a te vin ge anba bwason. Se konsa li rele sèt nan nèg chatre li yo: Se te Mayouman, Bizta, Abona, Bigta, Abogta, Zeta ak Kakas. Li ba yo lòd pou y'al chache larenn Vachti ak tout kouwòn li sou tèt li. Larenn lan te yon bèl fanm. Wa a te vle fè pèp la ak tout chèf li yo wè jan li bèl. Men lè nèg konfyans yo al di larenn Vachti lòd wa a te ba yo a, li derefize vini. Sa te fè wa a fache. Li te move anpil. Se te lakoutim lè sa a. Chak fwa wa a te gen yon bagay pou li regle, li toujou pran konsèy nan men moun ki konnen sa ki dwat ak sa lalwa mande. Se konsa, wa a fè chache konseye li yo pou yo di li sa pou li fè. Men konseye ki te pi pre l yo se te Kachna, Cheta, Admata, Tachich, Meris, Masena ak Mimoukan, sèt gwo chèf ki te sòti nan peyi Pès ak nan peyi Medi ki te gendwa wè wa a lè yo vle. Lèfini, se yo ki te gen premye plas nan gouvènman an. Wa a di yo konsa: — Dapre lalwa, kisa pou m fè larenn Vachti? Mwen voye nèg konfyans mwen yo al ba li yon lòd, li derefize obeyi m.