Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a avèk respè, avèk krentif, ak tout kè nou menm jan nou ta sèvi Kris la. Se pa sèlman lè yo la ap gade nou pou nou aji konsa, tankou moun k'ap achte figi. Lekontrè, fè sa Bondye vle nou fè a ak tout kè nou, tankou moun k'ap sèvi Kris la. Fè travay nou ak kè kontan, tankou si se pa pou moun nou t'ap travay, men pou Senyè a. Paske chonje byen: kit yon moun esklav, kit li lib, li gen pou l resevwa sa ki pou li nan men Senyè a, dapre bon travay li fè a. Nou menm mèt, se pou n aji menm jan an tou ak moun k'ap sèvi nou yo. Pa fè yo okenn menas. Toujou chonje ni nou menm, ni domestik nou yo, nou gen yon sèl Mèt nan syèl la, ki pa gade sou figi moun.
Li Efezyen 6
Koute Efezyen 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Efezyen 6:5-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo