Pandan n'ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n'ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a. Lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ka mete pawòl nan bouch mwen lè m'a gen pou m pale, pou m ka pale avèk lasirans, pou moun ka rive konnen sekrè ki nan bòn nouvèl la. Nou mèt wè m nan prizon kounyeya, se Bondye ki ban m misyon fè konnen bòn nouvèl la. Lapriyè pou mwen pou m ka pale avèk lasirans, jan m dwe fè l la. Tichik, frè nou renmen anpil la epi ki yon bon sèvitè nan travay Senyè a, va ban nou tout nouvèl mwen, pou nou ka konnen jan zafè m ap mache. M'ap voye l tout espre pou l sa di nou kouman mwen ye, pou nou pa fin dekouraje, pou sa remoute kouray nou. Mwen mande Bondye, Papa a, ansanm ak Jezikri, Senyè a, pou yo bay tout frè yo kè poze, renmen ak konfyans nan Bondye. Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezikri, Senyè nou an, ak yon renmen ki p'ap janm fini.
Li Efezyen 6
Koute Efezyen 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Efezyen 6:18-24
4 Jou
Eske ou janm santi tèt ou senpleman nan men fòs okirans nan lavi a? Èske ou toujou santi tèt ou kòm yon viktim? Jwenn idantite ou kòm yon vankè nan Paròl Bondye a ak pran plas ou kòm kòmandan dwa ou!
5 Days
Have you ever asked yourself, “Why am I still wrestling with that sin?” Even the apostle Paul said as much in Romans 7:15: “I do not do what I want, but I do the very thing I hate.” How do we stop sin from stopping our spiritual lives? Is it even possible? Let’s discuss sin, temptation, Satan, and, thankfully, God’s love.
7 Jou
Eskize ou nan lavi a? Nan 7 jou kap vini yo, aprann kijan pou jwenn kle yo pou dekriye yon lavi pasyone pou Kris la toupatou ankò.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo