Enben, kisa sa vle di: Li moute anwo? Sa vle di, li te desann anvan sa jouk kote ki pi fon anba tè a. Moun ki te desann lan, se li menm tou ki te moute anwo nan syèl la, pou l te kapab plen tou sa ki egziste ak prezans li. Se li menm ki fè lèzòm kado divès pouvwa. Li bay kèk ladan yo pouvwa pou sèvi apòt, li bay lòt ladan yo pouvwa pou sèvi pwofèt, li bay lòt ankò pouvwa pou anonse bòn nouvèl la, li bay dòt ankò pouvwa pou sèvi tankou pastè ak dirèktè. Konsa, li byen oganize pèp Bondye a pou yo chak fè travay sèvis yo, pou kò Kris la ka grandi nan konfyans. Li fè sa konsa pou nou tout ansanm nou ka rive fè yon sèl kò nan konfyans nou genyen an ak nan konesans Pitit Bondye a. Konsa, nou tout ansanm nou ka vin granmoun ki byen devlope, dapre dènye mezi devlòpman Kris la ki bon nèt. Lè sa a, nou p'ap viv tankou timoun ankò, tankou moun k'ap chanje lide fasil, ki kite kouran nenpòt doktrin trennen yo ale, ki tankou jwèt nan men bann rize sa yo ki konn ki jan pou yo pran tèt moun nan bay manti.
Li Efezyen 4
Koute Efezyen 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Efezyen 4:9-14
3 Jou
Nan yon mond kote enterè pèsonèl ap dirije, inite nan mitan kwayan yo vin tounen yon temwayaj pwisan. Devosyon sa a ap analize Sòm 133, pou montre kijan inite atire benediksyon espirityèl ak materyèl. Pandan n ap mache ansanm nan inite, nou pa sèlman jwenn lapè Bondye, men nou atire tou benediksyon etènèl Li yo. Ann dekouvri pouvwa transfòmasyon inite ka pote nan Kris la.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo