Lè sa a, nou p'ap viv tankou timoun ankò, tankou moun k'ap chanje lide fasil, ki kite kouran nenpòt doktrin trennen yo ale, ki tankou jwèt nan men bann rize sa yo ki konn ki jan pou yo pran tèt moun nan bay manti. Okontrè, ann pale verite a avèk renmen nan kè nou, konsa n'a ka grandi nan tout sans nan Kris la ki chèf kò a. Gremesi Kris la, tout pati nan kò a byen òganize, yo tout byen mare yonn ak lòt nan jwenti yo. Konsa, lè chak pati fè sa yo gen pou yo fè a, tout kò a ap grandi, l'ap devlope nan renmen.
Li Efezyen 4
Koute Efezyen 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Efezyen 4:14-16
3 Jou
Nan yon mond kote enterè pèsonèl ap dirije, inite nan mitan kwayan yo vin tounen yon temwayaj pwisan. Devosyon sa a ap analize Sòm 133, pou montre kijan inite atire benediksyon espirityèl ak materyèl. Pandan n ap mache ansanm nan inite, nou pa sèlman jwenn lapè Bondye, men nou atire tou benediksyon etènèl Li yo. Ann dekouvri pouvwa transfòmasyon inite ka pote nan Kris la.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo