Se sa ki fè, mwen menm ki nan prizon poutèt Senyè a, m'ap mande nou pou nou viv yon jan ki konfòm ak jan Bondye te rele nou pou n viv la. Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou. Sentespri a mete nou ansanm. Se pou nou fè tou sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè poze ansanm yonn ak lòt. Gen yon sèl kò ak yon sèl Sentespri, konsa tou se yon sèl Bondye a ki rele nou pou nou gen yon sèl espwa. Gen yon sèl Senyè, yon sèl konfyans, yon sèl batèm.
Li Efezyen 4
Koute Efezyen 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Efezyen 4:1-5
3 Jou
Nan yon mond kote enterè pèsonèl ap dirije, inite nan mitan kwayan yo vin tounen yon temwayaj pwisan. Devosyon sa a ap analize Sòm 133, pou montre kijan inite atire benediksyon espirityèl ak materyèl. Pandan n ap mache ansanm nan inite, nou pa sèlman jwenn lapè Bondye, men nou atire tou benediksyon etènèl Li yo. Ann dekouvri pouvwa transfòmasyon inite ka pote nan Kris la.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo