Kifè m'ap sèvi bòn nouvèl sa a, se paske Bondye nan bon kè l fè m yon favè, li fè pouvwa li travay nan mwen. Mwen pi pitit pase moun ki pi pitit nan tout pèp Bondye a. Men atousa, se mwen menm Bondye bay privilèj sa a, pou m fè moun lòt nasyon yo konnen bòn nouvèl richès Kris la, richès moun p'ap janm fin konprann. Li ban m privilèj sa a pou m fè tout moun wè aklè ki jan plan travay Bondye te sere nan kè li a ap reyalize, paske Bondye ki kreye tout bagay te kenbe plan sa a nan kè l depi lontan. Men kounyeya, avèk legliz la, tout chèf ak tout otorite ki nan syèl la pral rive konnen bon konprann Bondye a sou tout fòm li yo. Bondye aji konsa dapre plan ki te la depi lontan an. Se plan sa a li reyalize nan Jezikri, Senyè nou an. Ak lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la, gremesi konfyans nou gen nan li a, nou lib pou nou pwoche devan Bondye san kè sote. Se sa k fè, mwen mande nou pou nou pa dekouraje poutèt soufrans m'ap sibi pou nou yo, paske se yon bèl avantaj sa ye pou nou.
Li Efezyen 3
Koute Efezyen 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Efezyen 3:7-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo