Efezyen 2:3-10
Efezyen 2:3-10 HAT98
Lè sa a, nou menm jwif yo, nou te menm jan ak yo. Nou t'ap mennen lavi nou dapre egzijans lachè, nou t'ap fè kapris kò nou ak tout vye lide ki te vin nan tèt nou. Konsa, nou menm jwif, jan nou te ye a, nou te kondannen pou n te tonbe anba kòlè Bondye tankou lòt yo. Men, Bondye sitèlman gen kè sansib, li sitèlman renmen nou, Li ban nou lavi nan Kris la, nou menm ki t'ap viv nan lanmò akoz peche nou. Se yon favè Bondye fè nou lè li delivre nou. Ansanm ak Kris la, Bondye fè nou leve sòti nan lanmò, li fè nou chita jouk anwo nan syèl la ansanm ak li tou. Li fè tou sa pou moutre pou tout tan ki gen pou vini yo jan li renmen nou anpil anpil, jan li aji byen avèk nou nan Jezikri. Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou. Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pèsonn pa ka vante tèt yo. Se Bondye ki fè nou. Li kreye nou nan Jezikri pou nou pratike sa ki byen, bon zèv li te pare davans pou nou fè yo.



