Efezyen 1:1-14

Efezyen 1:1-14 HAT98

Mwen menm, Pòl, yon moun Bondye te deside chwazi pou apòt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a voye bay tout pèp Bondye ki nan lavil Efèz la, k'ap kenbe fèm nan lavi y'ap mennen ansanm nan Jezikri. Mwen mande Bondye Papa nou ansanm ak Jezikri, Senyè nou, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze. Lwanj pou Bondye, Papa Jezikri, Senyè nou an! Se li menm ki beni nou nan lavi n'ap mennen an. Nan Kris, li ban nou tout kalite benediksyon ki nan syèl la. Byen lontan anvan Bondye kreye lemonn, li chwazi nou nan Kris pou nou kapab viv apa pou li, pou nou san repwòch devan li. Nan renmen li renmen nou an, Bondye te deside depi davans pou li adopte nou pou pitit li nan Jezikri, paske sa fè li plezi. Se poutèt sa, ann toujou fè lwanj Bondye pou bèl favè sa a li fè nou kado, gremesi Pitit li renmen anpil la! Gremesi Kris ki mouri pou nou an, nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo. Bondye fè nou wè jan li renmen nou anpil. Li ban nou favè l an kantite, li ban nou tout kalite konprann ak konesans. Li fè nou konnen plan travay li te kenbe sekrè nan kè l, plan travay li te gen lide fè depi lontan an. Se plan sa a li vin reyalize nan Kris la. Dapre plan travay Bondye a, plan ki gen pou fin reyalize nèt lè lè a va rive, Bondye ap mete tout bagay ki nan syèl la ansanm ak tout bagay ki sou latè a anba yon sèl chèf, anba Kris la. Bondye ap fè tout bagay rive jan l te deside l la ak jan l te vle l la. Konsa, nou menm jwif, nou se moun Bondye te chwazi depi davans dapre plan li. Lè n'ap viv ansanm nan Kris la, nou resevwa pòsyon pa nou nan byen l yo. Se sa k fè, nou menm ki premye moun ki t'ap tann Kris la, n'ap viv yon jan ki sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a. Konsa tou, nou menm, moun lòt nasyon yo, apre nou te fin tande mesaj laverite a, bonnouvèl k'ap fè nou konnen jan Bondye renmen nou an, nou mete konfyans nou nan Kris la, n'ap viv ansanm ak li tou. Bondye make letanp li sou nou, li ban nou Sentespri li te pwomèt la. Sentespri sa a, se yon avalwa Bondye ban nou sou eritaj li te pwomèt li t'ap bay pèp li a. Sa ban nou garanti Bondye gen pou fin delivre moun pa l yo nèt. Se sa k fè, nou menm tou, moun lòt nasyon yo, n'ap sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a tou.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an