Yon lòt bagay mwen wè ankò sou latè, se pa toujou moun ki konn kouri ki genyen nan kous, se pa toujou vanyan gason ki genyen nan lagè. Yon moun ki gen konprann pa toujou gen manje pou l manje, yon moun ki gen lespri pa toujou gen anpil byen. Moun ki gen kapasite pa toujou jwenn gwo pozisyon. Chans ak malchans la pou tout moun. Moun pa konnen lè lè yo ap rive. Tankou pwason ki pran nan senn, tankou zwazo ki pran nan pèlen, se konsa moun pran tou lè yon malè sèk tonbe sou yo.
Li Eklezyas 9
Koute Eklezyas 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Eklezyas 9:11-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo