Eklezyas 7:1-14

Eklezyas 7:1-14 HAT98

Pito yo nonmen non ou anbyen pase pou yo pale sou kalite bon odè ou mete sou ou. Jou ou mouri a pi bon pase jou ou fèt la. Pito ou ale nan yon kay kote ki gen lanmò pase pou ou ale nan yon kay kote y'ap fè fèt, paske tout moun gen pou mouri. Nou menm ki vivan, nou pa dwe janm bliye sa. Pito yon moun nan lapenn pase pou l gen kè kontan. Lapenn rale figi ou, men l'ap louvri lespri ou. Moun ki gen bon konprann toujou ap kalkile sou lanmò. Moun sòt toujou ap kalkile sou ki jan pou yo jwi lavi a. Pito ou tande yon moun ki gen bon konprann ap rale zòrèy ou pase pou ou tande moun sòt ap fè lwanj pou ou. Lè moun sòt ap ri se tankou move chabon k'ap pete anba chodyè. Sa a tou, se voye wòch pou konble lanmè. Lè yon moun ki gen konprann ap sibi move tretman, sa ka fè li pèdi tèt li. Lajan sou kote fè moun pèdi karaktè li. Lè yon bagay ap fini, li pi bon pase lè l'ap kòmanse. Pito ou pran pasyans pase ou kite lògèy ap pouse ou. Pa fè kòlè fasil, paske se moun sòt ki renmen fache. Pa janm mande poukisa lontan te pi bon pase jodi a. Moun bon konprann pa mande bagay konsa. Sa bon pou moun gen bon konprann. Se tankou si ou te gen anpil byen. Se yon gwo avantaj pou tout moun k'ap viv sou latè. Bon konprann pwoteje ou menm jan lajan ka fè l. Men, avantaj yon moun genyen lè li gen konesans avèk bon konprann, sa l konnen an ap fè l viv. Gade travay Bondye! Ki moun ki ka drese sa Bondye kwochi? Lè bagay ap mache byen pou ou, fè kè ou kontan. Lè malè tonbe sou ou, chonje ni yonn ni lòt se nan Bondye sa sòti. Konsa, yon moun pa janm konnen sa k'ap vin apre l.