Apre sa, mwen gade tout lenjistis k'ap fèt sou latè. Dlo ap koule konsa nan je moun y'ap maltrete yo. Pa gen pèsonn pou ede yo. Moun k'ap maltrete yo gen lafòs avèk yo. Pèsonn pa ka fè anyen pou yo. Mwen wè moun mouri miyò pase moun k'ap viv. Men, gen yon lòt moun ankò ki pi bon pase yo tou de: Se moun ki pat janm fèt la, paske li pa janm wè move zak k'ap fèt sou tè a. Mwen wè tout di lèzòm ap travay di a, tout bèl mèvèy y'ap reyalize nan lavi a, se paske yonn vle gen plis pase lòt. Men sa a tou, se rapousib van, se lave men siye atè. Pawòl la di: Moun sòt rete san fè anyen, yo pito grangou. Men, pito ou pran ti repo ou tanzantan ak kè poze pase pou ou touye tèt ou ap travay di, lèfini pou sa pa rapòte anyen.
Li Eklezyas 4
Koute Eklezyas 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Eklezyas 4:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo