Mwen te moute sou wòch la pou mwen t'al resevwa de tablo wòch, tablo ki te gen kontra Senyè a te fè ak nou an ekri sou yo. Mwen rete la, mwen pase karant jou san manje san bwè sou mòn lan. Se lè sa a Senyè a te ban mwen de tablo wòch yo. Se sou yo li te ekri ak pwòp men li tou sa li te di nou, antan li te nan mitan dife a, jou nou te reyini nan pye mòn lan. Wi, apre karant jou karant nwit, Senyè a ban mwen de tablo wòch yo avèk kontra a ekri sou yo.
Li Detewonòm 9
Koute Detewonòm 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Detewonòm 9:9-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo