Senyè a, Bondye nou an, pral fè nou antre nan peyi nou pral pran pou nou an. Li pral fè sèt nasyon ki gen plis moun pase nou, ki pi fò pase nou, kouri met deyò devan nou, ki vle di moun Et yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Perèz yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo. Senyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou, nou pral bat yo. Lè sa a, se pou nou detwi yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye nou an. Piga nou pase okenn kontra ak yo. Piga nou gen pitye pou yo. Piga nou marye ak moun sa yo. Pa kite pitit fi nou marye ak pitit gason yo, ni pa kite pitit gason nou marye ak pitit fi yo. Paske y'a pran tèt pitit gason nou yo, y'a fè yo vire do ban mwen pou y'al sèvi zidòl. Si nou fè sa, Bondye ap fache sou nou, l'a disparèt nou lapoula. Men sa pou n fè yo: Demoli tout lotèl yo, kraze tout estati yo, rache tout poto Achera yo, boule tout zidòl yo.
Li Detewonòm 7
Koute Detewonòm 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Detewonòm 7:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo