Koulyeya, men kòmandman, lòd ak prensip Senyè a, Bondye nou an, mande pou nou swiv nan peyi nou pral pran pou nou an. Konsa, ni nou menm, ni pitit nou yo, ni pitit pitit nou yo, n'a gen krentif pou Senyè a, Bondye nou an, n'a kenbe tout lòd ak tout kòmandman li ban nou yo, chak jou nan lavi nou. Se konsa n'a viv lontan. Koute byen sa m'ap di nou, nou menm pèp Izrayèl! Pa bliye yo. Fè tou sa mwen di nou fè. Se sa k'a fè nou viv ak kè kontan. Se sa ki va fè nou tounen yon gwo nasyon nan peyi sa a, kote lèt ak siwomyèl se va tankou dlo, jan Senyè a, Bondye zansèt nou yo, te di li a. Koute byen, nou menm pèp Izrayèl! Senyè a, Bondye nou an, se li ki sèl mèt. Se pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouray nou.
Li Detewonòm 6
Koute Detewonòm 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Detewonòm 6:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo