Detewonòm 34:1-12

Detewonòm 34:1-12 HAT98

Moyiz kite plenn Mowab yo, li moute sou mòn Nebo a, sou tèt mòn Pisga a ki anfas lavil Jeriko a. Antan li la, Senyè a fè l wè tout peyi a, depi zòn Galarad la rive jouk pòsyon tè ki pou Dann lan, tout pòsyon ki pou Neftali a, tout peyi Efrayim lan ak peyi Manase a, tout peyi Jida a rive sou lanmè Mediterane a, tout zòn Negèv la, fon larivyè Jouden an, depi plenn Jeriko, lavil pye koko ginen yo, desann jouk lavil Zoa. Senyè a di li konsa: — Men peyi mwen te pwomèt Abraram, Izarak ak Jakòb mwen t'ap bay pitit pitit yo k'ap vin apre yo a. Mwen fè ou wè l ak je ou, men ou p'ap antre ladan l. Se la Moyiz, sèvitè Senyè a, te mouri nan peyi Mowab la, jan Senyè a te di li t'ap mouri a. Senyè a antere l nan peyi Mowab la, nan fon ki anfas Bèt-Peyò a. Jouk jòdi a, pèsonn pa konnen ki kote li antere. Lè Moyiz mouri, li te gen sanventan. Li te wè byen nan je l toujou, li te byen enganm toujou. Moun pèp Izrayèl yo pase trant jou ap kenbe rèl lanmò Moyiz. Apre sa, yo fini ak tan yo t'ap pase ap kriye lanmò Moyiz la. Apre sa, yo fini ak tan yo t'ap pase ap kriye pou lanmò Moyiz la. Jozye, pitit gason Noun lan, te vin gen anpil bon konprann sou li, paske Moyiz te mete men sou tèt li. Moun Izrayèl yo koute tou sa Jozye di yo. Yo fè tou sa Senyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a. Depi lè sa a, pa janm gen lòt pwofèt konsa ankò ki parèt nan mitan pèp Izrayèl la tankou Moyiz. Senyè a te konn pale avè l fas pou fas. Pa gen lòt pwofèt ki janm fè tout mirak ak tout mèvèy sa yo Senyè a te voye l al fè nan peyi Lejip, kont farawon an, kont moun k'ap sèvi gouvènman l yo ak tout moun ki te nan peyi a. Pa gen lòt pwofèt ki janm gen menm pouvwa sa a pou fè tout kalite gwo bagay sa yo Moyiz te fè devan tout pèp Izrayèl la.