Lè Moyiz fin bay pèp Izrayèl la tout pawòl sa yo, li di yo konsa: — Se pou nou koute tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a. Y'a sèvi m temwen mwen te fè nou konnen yo. Nou menm, n'a pase pitit nou yo lòd pou yo kenbe yo, pou yo swiv tout pawòl ki nan lalwa Bondye a. Paske, se pa pawòl nou ka pran konsa konsa. Se lavi yo ye pou nou. Se yo menm k'ap fè nou viv lontan nan peyi nou pral pran pou nou an, lè n'a fin janbe lòt bò larivyè Jouden an.
Li Detewonòm 32
Koute Detewonòm 32
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Detewonòm 32:45-47
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo