Apre sa, Moyiz ekri tout lalwa a, epi li renmèt li bay prèt yo, moun fanmi Levi yo ki te reskonsab Bwat Kontra Senyè a, ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la. Moyiz ba yo lòd sa a: — Chak setan, lè lanne pou yo renmèt dèt yo va rive, pandan y'ap fete fèt Joupa yo. Lè tout pèp Izrayèl la va vin adore Senyè a, Bondye nou an, nan kote li te chwazi pou sa a, n'a li tout liv lalwa a byen fò devan yo tout, pou yo ka tande l nan zòrèy yo. N'a sanble tout moun, fanm kou gason, timoun kou granmoun, ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan lavil nou yo, pou yo ka tande l, pou yo ka aprann gen krentif pou Senyè a, Bondye nou an, pou yo kenbe lalwa a, epi pou yo fè tou sa ki ladan l. Se konsa, pitit yo ki pat janm konn lalwa a va tande l. Y'a aprann gen krentif pou Senyè a, Bondye nou an, chak jou pandan tout tan n'ap viv nan peyi nou pral pran pou nou an, lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an.
Li Detewonòm 31
Koute Detewonòm 31
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Detewonòm 31:9-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo